--/--/---- --:--:--Enskri

Akèy · Aplikasyon

Izi Paryaj Mobil: Paryaj Live, Kazino ak Estatistik nan Pòch Ou

Òdinatè a ka rete lakay. Fich ou, ou plase l ak telefòn ou, kote ou ye. Tout sa platfòm nan gen ladan l antre nan pòch ou: paryaj espò anvan match, paryaj live pandan boul la ap woule, kazino, Crash Cash, jwèt tiraj ak espò vityèl ki pa janm kanpe.

Nan taptap. Nan liy nan yon biznis MonCash. Lakay ou, kouran koupe, men telefòn ou gen yon ti done — ou jwe.

Gen de wout pou rive sou mobil. Youn, se app Android lan: yon APK gratis, ou telechaje l epi ou enstale l dirèkteman sou aparèy la. Lòt la, se vèsyon wèb la, ki ouvri nan navigatè telefòn ou, sou iPhone kou sou Android. Chak moun pran sa ki pi pratik pou li.

App Android lan gen yon bagay vèsyon wèb la pa pote: estatistik anvan match, dirèkteman nan entèfas la. Fas a Fas, Fòm, Klasman — ou li tout enfo sa yo anvan ou mize.

Fichye APK a pa nan Google Play: li distribye dirèkteman sou platfòm nan. Enstalasyon an pa long, epi se toujou yon sèl kont, yon sèl balans, menm pwodwi yo sou tout kanal yo.

Android (APK)

Disponib
Pri
Gratis
Kont
Menm kont ak sit la
Lang
Kreyòl · Franse · Anglè
Telechaje APK

iPhone

Pa disponib
Eta
Pa gen app natif
Altènativ
Vèsyon web nan Safari
Enstale
Pataje → «Ajoute sou ekran»
Fonksyon
Menm ak Android
Ouvri nan Safari

Vèsyon web

Disponib
Navigatè
Chrome, Safari, Opera
Enstalasyon
Pa bezwen
Kont
Menm kont
Memwa
Pa pran plas sou telefòn
Jwe nan navigatè a

App Android: Enstalasyon an 3 Etap

1Telechaje fichye APK a: ale nan seksyon telechajman mobil la epi peze bouton an. Fichye a desann nan dosye Downloads ou.
2Louvri fichye a epi bay pèmisyon: peze sou fichye APK a nan Downloads. Sou vèsyon Android ki pi resan yo, telefòn nan ap mande w si li mèt enstale soti nan sous sa a — ou di wi pou app sa a sèlman. Sou ansyen vèsyon yo, ale nan Paramèt → Sekirite epi aktive "Sous Enkoni".
3Enstale: peze Install. Kèk segonn apre, ikon nan chita sou ekran ou.

Premye fwa ou louvri app la, ekran akèy la ba ou Sport, Live Sport, Virtual Games ak kazino a. Ou konekte ak kont ou deja genyen sou sit la: menm nimewo, menm modpas, menm balans. Pa gen anyen pou transfere.

App Izi Paryaj sou telefòn Android

Si bagay yo bloke, men kote pou gade:

  • Fichye a pa vle louvri: telechajman an ka koupe nan mitan. Efase l epi retelechaje l nèt soti nan sit la.
  • Telefòn nan di enstalasyon an entèdi: se pèmisyon an ki manke. Bay navigatè a oswa jesyonè fichye ki desann APK a otorizasyon pou l enstale, epi eseye ankò.
  • App la pa mete ajou: telechaje dènye APK a sou sit la epi enstale l sou ansyen an — ou pa bezwen dezenstale, kont ou rete menm jan.
  • Ou pa ka konekte apre yon mizajou: verifye nimewo ak modpas ou, fèmen app la nèt epi relouvri l. Si l pèsiste, retelechaje fichye a.

Gade espas lib sou telefòn ou tou, epi verifye si vèsyon Android ou konpatib ak app la.

Si kont ou poko fèt, fè enskripsyon an anvan ou enstale. Konsa, lè app la louvri, ou dirèk nan aksyon an.

Vèsyon Wèb: iPhone ak Tout Lòt Aparèy

Pa gen app iOS: okenn aplikasyon Izi Paryaj pa nan Apple App Store. Moun k ap chèche jwe sou iPhone pa rete deyò pou sa.

Vèsyon wèb la fè travay la nèt. Sou iPhone, ou louvri Safari, ou ale sou sit la, epi tout bagay parèt devan ou: paryaj espò live, kazino ak plis pase 50 slots, Crash Cash, Lucky Six, espò vityèl. Menm pwodwi, menm kòt, menm balans ak app Android lan.

Safari, Chrome, Firefox — navigatè yo abitye mache san pwoblèm. Epi kòm pa gen anyen pou enstale, telefòn nan pa bezwen memwa an plis.

Yon ti trik pou moun ki gen iPhone: kreye yon raccourci sou ekran akèy ou. Louvri sit la nan Safari, peze bouton pataje a (ti kare ak flèch anlè a), chwazi "Ajoute sou Ekran Akèy". Ikon nan ap parèt tankou yon vre app, yon sèl klik epi ou ladan.

Sa Ou Ka Fè sou Mobil

Sou bò espò a, paryaj anvan match kouvri foutbòl ak 12 lòt espò, ak katalòg kòt konplè epi fich konbine si ou vle moute yon miltip. Match la kòmanse, kòt yo ap ajiste an tan reyèl nan Espò An dirèk, epi Cash Out la la pou w soti ak lajan ou anvan koutsiflèt final la. Estatistik yo (Fas a Fas, Fòm, Klasman) se app Android lan sèlman ki ba ou yo anvan chak match, epi se la moun k ap swiv foutbòl seryezman ap santi diferans lan.

Kazino a gen 50+ slots, epi ou ka teste yo an Demo anvan. Kat varyant woulèt. Ak jwèt tankou Pocket Rocket, Kolor, Lightning Lucky Six, Slingshot, Smash Drops ak Football Plinko.

Nan Crash Cash, ou ka kenbe de paryaj an menm tan, mete Auto Cash-Out pou soti pou kont ou, epi gen Wonn Bonis ak Pwomosyon Lapli.

  • Jwèt tiraj: Lucky Six, Keno, Next Six, LuckyX.
  • Espò vityèl 24/7, pa gen orè: kous moto, kous cheval, kous chen, Virtual Soccer, Virtual Penalty Shootout.
  • Depo ak retrè an goud, dirèk nan telefòn ou, ak MonCash (Digicel) oswa NatCash (Natcom).

Tout bagay sa yo sou yon sèl kont, kèlkeswa aparèy ou pran.

Telechaje app la

Android APK gratis; iPhone — vèsyon web ak menm kont lan.

Telechaje

Kesyon ak repons

Èske app la mache sou tablèt?

Wi, sou tablèt Android, ak menm APK a ak menm etap yo. Sou iPad, ou sèvi ak vèsyon wèb la nan Safari, menm jan ak sou iPhone.

Kisa pou m fè si m chanje telefòn?

Enstale APK a sou nouvo telefòn nan, epi konekte ak menm nimewo telefòn ak menm modpas la. Kont ou ak balans ou pa depann de aparèy la: tout bagay la ap tann ou.

Jwe izi, touche izi — depo ak retrè MonCash · NatCashEnskri